Prezidan konsèy administrasyon Digicel la , Maarten Boute lanse yon apè sekou akoz deteryorasyon klima sekirite a nan rejyon metropolitèn lan.
Depi 2 semenn sitiyasyon sekirite peyi an vin pi mal nan kapital lan avèk kantite ka kidnapin ki anrejistre nan divès kwen nan rejyon metropolitèn lan.
” Sitiyasyon an dezespere chak jou pi plis nan potoprens.Gang ame yo poze move zak yo san kè sote nan kapital la.Nou resevwa rapo anlèvman tanzantan”, daprè yon twit M. Boute.
« Lòt lekòl anonse yo fèmen pòt yo .Pa gen moun ki an sekirite. Dezespwa lakay sitwayen yo. Nou bezwen èd », toujou daprè analiz nimewo 1 Digicel la .
Pandan tan sa, batay ant nèg ak zam yo ap rapouswiv nan Bèlè, Solino ak zòn ki anviwonnenl yo. Popilasyon sivil la oblije kite zòn sa yo pou sove po yo .