Gouvènman Kiben an tanmen retire resòtisan kiben li yo ki te bloke nan peyi a. 254 resòtisan yo pran bis soti Pòtoprens pou rann yo nan Ayopò Okap la pou rantre lakay yo vandredi 19 avril 2024 la.
Gouvènman prèske tout peyi ki te gen resòtisan yo Ayiti kontinye pwosesis evakyasyon yo. Genyen ki itilize elikoptè pou fè konpatriyòt yo pase Repiblik Dominikèn avan yo tounen lakay yo. Genyen tou ki itilize bato pou pran resòtisan yo ki te nan peyi a tankou peyi Lafrans nan jou pase. Peyi Kiba li menm kòmanse retire Kiben k te rete Ayiti yo. Men li itilize yon bis pou l pèmèt yo rive nan Ayopò Okap la kote yo pral pran avyon pou antre lakay yo.
Se seri desizyon ki vini aprè eskalad vyolans nèg ak zam ki mete tèt yo ansanm nan gwoupman k pote non Viv Ansanm nan. Seri vyolans sa yo paralize tout aktivite depi preske 2 mwa nan kapital Pòtoprens la ak zòn ki tou prè l yo. Zak vyolans yo mete etranje sa yo nan obligasyon pou yo kite teritwa pou yo pa viktim nan seri atak san kontwòl gang yo lanse sou teritwa nasyonal la.
Se pa yon sekrè pou pèsòn sitou abitan rejyon metwopmolitèn nan. Kiben yo te prezan nan anpil zòn nan peyi a. Lè se pa lopital y ap bay bourad, manm popilasyon an te konn kwaze yo anpil nan mache Gérald Bataille la ak nan mache ki nan sant vil kapital la.
Carl Henry Florant