Soti janvye pou rive fen mas 2024 la, menm kòmansman mwa avril la, atak gang yo fè pou piti 208 ka lanmò, 158 moun ki blese ak bal daprè Rezo nasyonal defans dwa moun nan (RNDDH) nan yon rapò li pibliye mèkredi 10 avril 2024 la, sou sitiyasyon Ayiti ap viv dènye jou sa yo.
Ayiti ap jigote nan san l depi lane 2024 la mete pye a. RNDDH fè konnen nan yon rapò sitiyasyon an kritik anpil. Gang yo ki te tanmen ofansif yo an jedi 29 fevriye 2024 la deja fè 208 ka lanmò pami yo 13 polisye. Nan viktim sa yo, otorite yo te kouvri kadav 55 ladan yo nan zòn kapital Pòtoprens la, Petyon vil, Dèlma, Nan kadav sa yo, te gen kadav yon polisye.
Mete sou sa, enstans dwa moun nan resanse 158 ka blese daprè done plizyè lopital founi yo. Aksyon sa yo pase nan kapital Pòtoprens la ak zòn ki anviwonnen l yo. Pami moun ki blese yo, RNDDH konte yon jounalis ki te blese nan yon manifestasyon kont Gouvènman an.
Bandi ki regwoupe anndan kowalisyon yo bay non “Viv Ansanm” nan sakaje 83 enstitisyon Leta nan kapital la ak zòn tou prè l yo. Nan lis enstitisyon sa yo nou jwenn 19 pòs polis, 5 tribinal pou Lapè ak yon tribinal premyè enstans. Mesye yo pa piye sèlman bwat Leta daprè rezo nasyonal k ap defann dwa moun nan. Gen plizyè kay sitwayen nan kapital la menm jan ak kèk lòt zòn yo piye tou. Yon sitiyasyon ki pouse plizyè milye moun kite zòn metwopmolitèn Pòtoprens la.
Daprè RNDDH mesye yo pa sèlman atake sant Leta ak kay kèk sitwayen. Kidnapping nan kontinye pi rèd toujou menm jan ak ka vyòl sou fanm ak tifi. Daprè rapò a, 48 ka anlèvman rive pale nan medya. Sa ki ta fè kwè ta gen lòt ka medya pa konnen ki te ka ogmante bilan. Genyen tou 64 ka vyòl sou fanm ak tifi enstans dwa moun nan resanse bò kote vyòl kolektif nan plizyè zòn.
Carl Henry Florant