Prèske 2 mwa depi bandi okipe plizyè zòn nan komin Kenskòf, nan sware dimanch pou louvri lendi 24 mas la, nèg ak gwo zam yo k ap feraye nan komin nan atake plizyè lòt katye tankoul Nan Koupi, Kboudon ak Depanse.
Si se vre poko gen bilan ofisyèl, men nan atak sa gen anpil viktim ak bal nan mitan popilasyon an, gen moun ki disparèt fanmi poko gen kontwòl yo, plizyè kay abitan yo pase anba flanm dife kriminèl yo ki komèt zak sa yo san kè sote.
N ap raple depi premye atak ki te fèt sou komin Kenskòf jou ki te 27 janvye pase a, jiskaprezan otorite yo nan lapolis poko deplwaye okenn jefò, pou rive deloje bandi yo ki okipe plizyè katye nan komin sa. Pandan tan sa popilasyon an ki viv de agrikilti AK elvaj abandone kay yo ak jaden ak bèt yo akoz zak vyolans bandi yo.