Daprè wokomisè Nasyonzini nan zafè dwa moun nan, Volker Türk, plis pase 313 000 moun Kouri kite kay yo aprè atak gwoup gang ak zam yo. Diplomat la mande kominote entènasyonal la pou yo aji prese prese pou anpeche Ayiti plonje pi ba toujou.
Defansè dwa moun nan fè konnen dènye aksyon bandi ak zam yo agrave sitiyasyon pi plis toujou. Plis pase 4 500 prizonye sove nan penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèboukè a. Daprè enstans Nasyonzini an, evade sa yo ta al ranfòse gwoup gang ak zam yo. Daprè Volker Türk, gang yo ta poze aksyon sa yo nan lide pou jete Premye minis Ariel Henry ak tout gouvènman li a.
Nan sans, enstitisyon Nasyonzini an mande yon lòt fwa pou fòs etranjè a debake nan peyi prese prese pou pote sekou ak popilasyon ayisyen an ki pa konn ki sen pou yo rele. Misyon sa daprè Volker Türk ap gen pou l pote sipò li bay Lapolis nasyonal la ki pral pèmèt kondisyon lavi pèp ayisyen amelyore.
N ap raple daprè wokomisè Nasyonzini an, soti mwa janvye 2024 la pou rive mwa mas sa, 1193 moun deja asasine bò kote 692 lòt ki blese.
Carl Henry Florant