Ayiti ap viv yon sitiyasyon kataklismik daprè Nasyonzini. Nan yon rapò òganizasyon entènasyonal la pibliye jodi jedi 28 mas 2024 la sou sitiyasyon Ayiti a, li revele plis pase 1500 moun deja fè vwèl pou peyi san chapo pou sèlman premye trimès lane 2024 la.
Peyi Dessalines lan ki te deja ap konnen yon sitiyasyon difisil sou plan politik ak ekonomik plonje nan yon seri zak vyolans san parèy depi 29 fevriye 2024 la. Bandi yo ki regwoupe nan yon kowalisyon ki pote non Viv Ansanm komèt anpil zak vyolans nan kapital la depi jou sa. Kapital Pòtoprens la koupe nèt ak vil pwovens yo. Sa ki vin ogmante kriz la pi plis ankò.
Daprè Wo komisè Nasyonzini an, Volker Türk, “Gen anpil faktè estriktirèl ak konjonktirèl ki kondui Ayiti nan estabilite politik sa ak anpil enstitisyon frajil”. Daprè Mesye Türk, koripsyon, enpinite, move gouvènans kontribiye nan agrivyasyon kriz la ak efondreman Leta ayisyen an.
Daprè rapò Nasyonzini an, Ayiti pati pou l gen plis pitit li ki mouri ane sa pase ane pase a. Si pou tout lane 2023 pati Lwès Zile Ispanyola te konte 4 451 ka lanmò poutèt vyolans ak zam yo bò kote 1 668 moun ki blese, pou sèlman premye trimès lane 2024 la, nou gentan konte 1 554 moun mouri bò kote 826 lòt ki blese.
Sitiyasyon sa choke anpil Wi komisè Nasyonzini an ki deklare sa k pi mal la “zam kontinye ap rantre vin jwenn bandi yo pi plis toujou”. Nan sans sa, komisè a mande pou anbago zam sou Ayiti a ranfòse pi plis ankò.
Carl Henry Florant