Karavan ensekirite a kontinye ap wete lavi moun anndan peyi a, menm polisye pa epanye. Nan lannwit lendi 13 me 2024 la, bandi ak zam touye Jean Danas nan Kot plaj 20, Kafou. Se Sendika nasyonal polisye ayisyen yo ki konfime nouvèl la.
“Synapoha konfime nèg ak zam nan kafou touye ak bal,epi pote ale kò polisye Jean Danas 22yèm pwomosyon ajan 3 (CBIM), sa pase nan lannwit lendi 13/5/24 la nan Kot Plaj 20(kafou),” se sa sendika polisye yo ekri sou kont ofisyèl X li.
Pou rapèl mèkredi 8 me pase a polisyè Barbara Fequi ki soti nan 32yèm pwomosyon te tonbe anba bal bandi ak zam nan ri Camille Léon pandan yon tantativ kidnapin. Asasinay ajan 3 CBIM nan, Jean Danas, vinn lonje lis polisye bandi touye pou ane a ki anviwon 18.