Alejandro Aguilera Milanés,yon chofè brigad medikal kiben ki te kidnape 23 janvye pase jwenn liberasyon l ayè mekredi 1 fevriye a.
Se ministè kiben Sante piblik ki konfime nouvèl liberasyon chofè a daprè jounal Espagnol EFE.
«Malgre ensidan sa,manm medikal kiben yo an Ayiti kontinye ap bay popilasyon an sèvis swen bay popilasyon an lokal selon swivan mezi sekirite ki établi yo dapre sa ministè a soulinye .
Pi lwen ministè te profite pou remesye kowoperaston otorite ayisyèn yo ak tout moun ki te gen bon volonte pou mobilize imedyatman epi kontribiye pou jwenn liberasyon resòtisan kiben an .
Sepandan ministè Sante kiben an pat an mezi pou bay detay sou kondisyon liberasyon an .