Ayiti/ensekirite:Direksyon Santral Polis Jidisyè pwosede ak arestasyon Pè Frantz Cole mekredi 17 dawout la pou enplikasyon prezime’l nan dosye enpòtasyon zam ak minisyon nan peyi an nan non legliz Épiscopal.
Direksyon Santral Polis Jidisyè deside kenbe Pè Frantz Cole mekredi 17 dawout aprè’l pat deside reponn ak 3 envitasyon Direksyon Santral Polis Jidisyè sou dosye trafik zam ki enplikasyon legliz Épiscopal.
Dapre enfomasyon sekretè jeneral legliz Épiscopal la te fè demach pou’l kapab gen franchiz nan non enstitisyon nan lide pou rantre zam ak minisyon an Ayiti . Materyèl sa yo se ajan fòs lod yo ak ajan dwanye yo ki te dekouvri yo nan dwan potoprens mwa jiyè pase a.
Nap raple pè Cole te deside rann li DCPJ touswit aprè prezidan pèmanan komite Legliz Episkopal Dayiti pè Jean Madoché Vil te anonse li prè pou’l kolabore ak lapolis .Nan menm not sa , lidè relijye a te konseye ak pè Frantz Cole pou pran menm desizyon .