Alòske l te ranvwaye akòz anpil zak vyolans ki paralize aktivite yo nan peyi a depi nan fen semèn pase a, federasyon ayisyèn foutbòl la repwograme premye jounen chanpyona nasyonal espesyal la pou wikenn sa. Ap gen yon gwo match chòk nan premye jounen sa.
Anva sa, chanpyona nasyonal espesyal sa ap demare nan Parc Levelt nan vil Senmak samdi 9 mas la kote Tempête ap resevwa ap Cosmopolite.
Match chòk jounen an se pral dèbi Kapwa, dimanch 10 mas la kote FICA ap jwe nan Parc Félix Saint-Victor kont Real Hope.
Men Kalandriye a premye jounen an :
Yon lòt bò genyen Sendika Nasyonal Abit Ayisyen yo ki fè konnen nan yon nòt, yo gen dezakò ak responsab yo nan FHF la sou kesyon kantite lajan abit yo ap touche chak match. Daprè nòt, 2 pati yo te chita sou 400 dola US chak match pou abit yo, mèkredi 6 mas la responsab FHF yo desann li ak 350, sendika abit yo montre yo pa kontan ak desizyon pou desann lajan.
Lèn konsidere peyi a ap konnen yon kriz kote ensekirite a ap vale teren, nan mitan abit yo ak FHF la gen dezakò ak eta sante mantal jwè yo nan moman kritik sa, sa pouse n poze kesyon pou n mande èske chanpyona nasyonal espesyal sa ap rive demare toutbon vre fwa sa ?