Zak kindnaping yo pa sipsann fè chimen yo nan peyi a,youn nan dènye ka yo se 7 mè ‘’sainte Anne ‘’ yo bandi kindnape vandredi 19 janvye a nan avni christòf.
Pa rapò ak sitiyayson sa administrasyon kongregasyon sa anonse yo fèmen pòt tout lekòl yap dirije nan peyi a. Nan avi sa yo voye bay paran elèv ak pèsonèl lekòl sa yo jounen dimanch 21 janvye a, kongregasyon an mande moso lapriyè pou mè yo nan peryòd difisil sa a.
Konferans relijye ayisyen yo atravè yon nòt te mande sekou lapriyè yo menm tou pou viktim yo, yon chèn priyè siplikasyon atravè Ps 76.2 ’’vers Dieu ,je crie mon appel !je crie vers Dieu : qu’il m’entende !
CHR swete kongregasyon ‘’sainte anne ‘’yo jwenn solidarite tout konsakre Ayiti ak rès mond la pou yo ka soti nan eprèv difisil sa a. konferans relijye yo konsidere zak kidnping sa kòm yon lòt anplis ki kreye tristès ak laperèz lakay konsakre yo kap bay sèvis yo nan peyi Dayiti.
Nap raple se pa premye fwa legliz katolik ap sibi fòm zak sa yo ,tankou yon gwoup relijye katolik bandi te kinldnape 11 avril 2021 nan Kwadèboukè pami yo te gen 2 Fransè san konte lot ka toujou.