Ayiti ap viv pi long kriz gaz nan istwa li. Kèk mwa avan lanmò prezidan Jovenel Moïse , chofè machin ak motosiklèt kòmanse jwenn tout difikilte nan mond lan pou jwenn gaz nan ponp yo. Se chak jou ki jou anpil obsèvatè, sendikalis, ak konsomatè ap leve vwa pou mande otorite yo pote yon solisyon ak kriz gaz la ki dire twòp. Anpil moun ap poze kesyon kisa ki lakòz gaz la pa disponib nan ponp yo men bò lari nan kapital la tankou nan vil pwovens yo chaje machann kap fè mache nwa ak gaz la, yon sitiyasyon ki lakòz pri kous yo ogmante.
Konsta li klè, prèske tout estasyon gaz nan Pòtoprens ak vil pwovens yo fèmen depi plizyè mwa, akoz gaz la ki toujou pa disponib nan ponp yo daprè sa responsab ponp sa yo fè konnen. Poutan, chak mwa, chak semèn otorite yo nan BMPAD anonse arive bato gaz nan Tèminal Varreux ak Tholand men estasyon gaz yo toujou rete fèmen, pèsonn pa konnen ki wout yo fè ak gaz la, popilasyon ayisyèn nan kontinye ap peye konsekans lan.
Pandan tan sa, gen kèk ponp nan vil Pòtoprens ak vil pwovens yo ki pran plezi vann gaz la nan lannwit ak ti machann ki pral revann li tèt nèg nan mache nwa. Daprè kèk temwanyaj gen tou kamyon sitèn ki konn kite tèminal yo men ki fè wout kochi. Pèsonn pa rive konnen ki vrè rezon ki koz gaz la paka disponib nan ponp yo, okenn otorite pa di yon mo sou sitiyasyon sa. Devan kriz san parèy sa, ti machann, etidyan, travayè ak pwofesyonèl yo pa konn ki sen pou yo rele devan pri kous yo ki ogmante prèske chak jou.
Semèn sa menm sitiyasyon an vin pi difisil, chofè machin ak moto siklèt paka jwenn gaz nan ponp yo, okenn otorite pa di yon mo. Fòk nou raple ke san gaz moun, machin, moto pap ka sikile. Biwo leta tankou biwo prive,lapolis anbilans, izin yo, labank, lopital ak divès lòt enstitisyon pap ka fonksyone. Si Leta pa di yon mo prese prese nan sitiyasyon difisil sa, pri pwodui premyè nesesite yo ap kontinye vale teren, popilasyon ayisyèn nan ap kontinye plonje pi fon nan lamizè.