Kriz k ap brase bil peyi a lakoz Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè yon pase men nan kalandriye lane akademik 2023-2024 la. MENFP rekile dat egzamen ofisyèl epi mete pwen sou kèk dosye ki konsène Edikasyon anndan peyi a, daprè yon kominike enstans k ap jere edikasyon peyi a pibliye jedi 4 avril 2024 la.
MENFP a pran desizyon sa aprè anpil chita pale sou kòman pou jwenn yon fason pou sove lane malouk elèv lekòl ak inivèsitè yo ap konnen an. Responsab yo tonbe dakò pou yon reyamenajman nan kalandriye akademik ki te pibliye nan kòmansman lane akademik sa a. Dat egzamen yo modifye. Daprè kominike MENFP a egzamen 9yèm ane fondamental la ap fèt 22 pou rive 24 jiyè kounye a. Egzamen Ekòl Nòmal Enstititè a li menm ap fèt 22 pou rive 26 jiyè. Egzamen Sant Edikasyon familyal la ap fèt 22 pou rive 26 jiyè tou. Epi egzamen bakaloreya ap òganize nan dat 5 pou rive 8 out lane 2024 la.
Ministè Edikasyon Nasyonal mete aksan sou plizyè matyè ki enpòtan pou elèv 9yèm ane fondamantal yo tankou : Edikasyon Sivik, Edikasyon Fizik ak Espòtif, Edikasyon Atistik ak Estetik ak Edikasyon sou Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon. MENFP di egzamen sa yo obligatwa, lekòl yo pa dwe domi sou yo. Se pou sa li te distribye pwogwam ki nesesè pou kou yo rive byen fèt nan tout lekòl.
“Tout elèv tèt frèt.” Se Konsèy Ministè a voye bay paran ak tout elèv ki t ap toumante yo pou jan yo wè koze ensekirite a ap sabote edikasyon an. MENFP pwomèt pou l akonpanye tout elèv nan kelkeswa lekòl nan peyi a, sitou ti moun depatman Lwès yo nan mete diferan pwogwam pou yo nan lekòl yo, sou radyo, Televizyon, ak sou kle USB menm jan y ap mete l sou sit entènèt Ministè a pou pote yo konkou.
Carl Henry Florant