
Kredi foto: Jean Philippe Maceant
Djina Guillet Delatour fè vant siyati liv li jounen dimanch 18 jen 2023, ki titre « 40 ans au-delà des limites pour une cause ». Nan liv sa a, Djina Delatour mete vi l an piblik espesyalman karaktè li, pwofesyon li, fanmi li, ak eksperyans pèsonèl li.
«40 ans au-delà des limites pour une cause» se pa yon istwa Responsab ”Programme National Cantine Scolaire“ a ap rakonte, Li pito bay konsèy epi pale sou eksperyans li atravè ekri li yo.

Kredi foto Jean Philippe Maceant
“Gen anpil limit nan sosyete a pou jèn yo, paske nan baryè sa yo, yo pa ka sòti, pi souvan se lòt moun yo met responsab, men se yo menm ki deside pou pa depase limit sa yo,” deklarasyon ekriven an. Pou li, pèsepsyon sa a souvan gen rapò avèk yon kesyon konplèks ki rann yo parese.
Fon ki rekòlte nan vann liv sa pral sipòte yon gwoup moun ki nan sitiyasyon difisil nan Baie-de-Henne ( nòdwès), se nan menm objektif sa plizyè oganizasyon tankou Federasyon Fanm Delege Dayiti « FENAFEDEVH », « BELLECO » remèt chèk 150 000 ak 200 000 goud
Bay Djina Guillet Delatour nan kad aktivite sa ki tap dewoule nan otèl Montana 15 jiyè 2023.