Nan yon enntèvyou li te akòde ak sal nouvèl “Tele Pam” Boisard Marc Vitchggee , tout moun konnen sou non Panoutchi anonse lap soti yon nouvo mizik vandredi 5 dawout lan. Mizik sila gen pou tit “lanmou pran kou,” ladann atis la pale de yon relasyon kap viv nan mitan de (2) lòt relasyon.
Panoutchi fèt Pòtoprens li gen 27 voies, depi nan laj 12 zan pasyon sa pou mizik ap bouyi anndan atis la, a 13 voies li te kòmanse aprann jwe gita. ” Mwen se yon fanatik mizik jous nan nanm, mwen tande e renmen tout stil de mizik e mw ka fe tout stil de mizik, tandans mwen plis renmen e mwen swete fè chimenm ladann se konpa love,” se sa jèn atis la te deklare.
“Nouvo pwojè mwen gen pou fanatik yo la se lanmou pran kou kap soti vandredi 5 dawout la a 7è nan laprè midi, lanmou pran kou pale de yon relasyon kap viv nan mitan de lot relasyon. Li dire 4 minit lap soti ak tout videyo, “ se sa Panoutchi fè konnen de nouvo pwojè li a.
Chantè mizik “Baby Pale Avèm” nan gen kapasite poul chante nan plizyè tandans mizikal, objektif li se fè chimenl nan Endistri Mizik Ayisyen an. Li fè konnen ke gen yn pakèt projè kap vini apre projè sa. Men pou kounya li envite fanatik ak sipòtè li yo al dekouvri produi sa kap disponib sou tout platfòm yo vandredi 5 dawout lan a 7è PM. “Vin sipòte sak bon al dekouvri yon nouvo produi, abòne avèm sou tout reso yo pou nou ka konn tout dènye enfòmasyon yo.”
JKC