“Sanksyon yo ede peyi dayiti ,li pèmèt sitiyasyon an chanje yon ti kras sou teren an , epi sa kreye tou yon pi bon atmosfè “, nou tap site deklarasyon premye minis Ariel Henry ki tap patisipe nan 44yèm somè CARICOM .
Gouvènman an pa gen anyen poun wè ak sanksyon yo ,yo pat bay lis epi canada ak etazini pa voye dosye moun yo bay Gouvenman an toujou daprè presizyon premye minis Ariel Henry .
Chèf gouvènman an fè konnen lap travay pou tabli sekirite anndan peyi a dayè se youn nan pwen nan entèvansyon’l nan somè a.Gen dyalog kap fèt ak premye minis Kanada epi peyi nan Caricom yo pou kontinye mande sipò yo nan lide pou rezoud kriz kap brase bil peyi an.
Nan enntèvyou sa li bay ak Lavwad lamerik chèf primati a dil gen volonte poul oganize eleksyon nan peyi dayiti men avan fòk gen sekirite ki tabli .
Yon lot kote ,premye minis Ariel Henry lanse yon mesaj bay pèp ayisyen an pou mandel goumen pou peyi a rejwenn lapè ak sekirite yon fason pou gen yon peyi ki stab.