Aprè arete ki nonmen Konsèy Prezidansyèl la fin pibliye nan jounal ofisyèl peyi a le Moniteur, pa gen dat ki kominike pou enstalasyon KP a ki ta dwe fèt nan Palè Nasyonal. Anpil pèsonalite nan popilasyon Ayisyen ap poze tèt yo kesyon sou kòman KP a pral enstale nan Palè a sou channmas ki tounen yon chan batay ant Lapolis nasyonal ak bandi ak zam ki nan Viv ansanm yo.
Madi 16 avril 2024 la, Gouvènman demisyonè a te finalman pibliye nan jounal ofisyèl “Le Moniteur” arete ki nonmen 9 manm Konsèy Prezidansyèl la. Yon arete Kominote entènasyonal, sitou ekip CARICOM nan t ap tann tankou tè sèk ki t ap tann lapli. KP sa a, ta dwe ranplase Gouvènman Premye minis Ariel Henry t ap dirije depi aprè lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Si okenn dat pa ko pibliye sou enstalasyon Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an, manm KP a kòmanse chita pale ak kèk responsab anndan peyi a pou konnen ki pi bon fason yo kapab pwosede enstalasyon yo semèn k ap vini an. Jedi 18 avril la, manm KP a te rankontre PM enterimè a Michel Patrick Boisvert ak Direktè jeneral Lapolis la Frantz Elbé nan rezidans ofisyèl la Miso. Nan rankont sa, konsène yo te pale sou kòman yo kapab retabli sekirite sou teritwa nasyonal la epi kòman yo pral fè pou enstalasyon Konsèy la.
“Mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de.” Se konsa kèk pèsonalite ayisyen wè enstalasyon KP a nan Palè Nasyonal la. Konpatriyòt sa yo avanse kòm agiman, gang yo okipe yon bon pati nan kapital Pòtoprens lan. Mete sou sa, bandi ak zam yo okipe Lopital Jeneral kote yo fè kachèt pou tire nan direksyon palè a sou chanmas la. Pou pèsonalite sa yo, yo pa wè kòman konsèy la pral enstale anba gwo kout bal nèg Viv ansanm sa yo ki deside okipe Palè Nasyonal la depi kèk jou.
Pandan tan sa, yon komisyon gentan sou pye ap planifye enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la ak transmisyon pouvwa a. Eske Viv Ansanm ap kapab bloke enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la nan Palè Nasyonal ?
Carl Henry Florant