Aprè demantèlman gang Timak la ki tap opere nan Laboule ak Tomasen, komin Petyonvil, lapolis sou leadership Komandan an Chèf Frantz Elbé entansifye operasyon yo sou tout teritwa nasyonal la, pou demantle tout fwaye gang kap teworize popilasyon sivil la.
Operasyon sa yo ki sible sitou Vilaj Dedye, Gran Ravin ,Savann Pistach,
Dyèg, Meyòt, Pènye, Taba elatriye, nan objektif pou rive demantle gang sa yo.
Se menm mo dòd la, pou rantre Nò kapital la, Kanaran, Onavil, Sous Matla, ak nan depatman Latibonit.
Jounen jodia Lapolis yon lòt fwa ankò mande popilasyon an toujou rete vijilan, epi kontinye kolabore ak fòs lòd yo, nan pataje tout enfòmasyon ke l genyen ak lapolis.
CPRP
–
#pnhhaiti