Sitwayen yo nan Pòtoprens ak Santo Domingo kapital Repiblik Dominikèn te santi yon sekous sismik manyitid 4.8 sou echèl Richter ayè madi 21 fevriye a bò 10:52 pm.
Episant tranbleman sa trouvel nan komin Marigot ,sidès peyi Dayiti.Plizyè rivren nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonel yo pat kache laperèz yo nan moman pasaj tranblemann tè a.
Pou kounya, nou pa konn si gen dega ki anrejistre. Nap raple semenn pase a ,yon tranbleman tè manitid 5.5 te sekwe gran Nò peyi a.