Se samdi 17 fevriye 2024 sa, a, Ayiti ap gen pou l jwe kont Pòtoriko nan okazyon match baraj eliminatwa premye edisyon Gold Cup feminen an. Malgre absans plizyè kad, seleksyon nasyonal feminen senyò a di li pare pou l rantre nan batay pou biyè Kalifikasyon an.
Ekip nasyonal feminen ayisyen an pa abandone kous pou kalifikasyon premye Gold Cup feminen k ap fèt lane 2024 sa a. Medam yo depi lendi 11 fevriye a ap travay san rete pou yo al chache rache viktwa nan men ekip Pòtoriko a Samdi 17 fevriye a bò 7è nan aswè (se lè sa l ap ye nan lakou Pòtoprens). Nan dènye seyans antredman yo, sa ki te fèt jou kite jedi 15 ak vandredi 16 fevriye la, coach Frédéric Conçalves ak tout estaf teknik li a te travay sou plan y ap gen pou yo aplike nan match sa a.
Se yon advèsè ki kapab gade Ayiti nan je si n kwè dènye estatistik yo. Nan twa match ekip Pòtoriko a jwe kont Ayiti, yo genyen youn, yon pèdi youn epi yo fè yon match nil. Yon lòt kote, genyen pliizyè kad ki p ap prezan pou seleksyon nasyonal feminen senyò a tankou Melchie Daëlle Dumornay ki blese depi kòmansman lane 2024 la, Roselord Borgella poutèt katon, Claire Constant poutèt blese depi lane pase, Jennyfer Limage tou poutèt blese.
Men medam ayisyen yo pa pè daprè deklarasyon yo nan plizyè videyo ki disponib sou paj Federasyon foutbòl ayisyen an. Nérilia Mondésir kapitèn anblematik la pare pou l mennen Grenadye fanm yo nan batay la pou rantre lakay yo ak biyè Kalifikasyon an.
Ekip ki genyen match sa a, ap rejwenn poul B a ki genyen Brezil, Panama ak Kolonbi ladann nan. Si Ayiti ki kalifye, l ap demare premye edisyon Gold Cup feminen an jou k ap 21 fevriye a kont Brezil, aprè sa l ap jwe kont Panama jou k ap 24 fevriye a, avan l jwe kont Kolonbi jou k ap 27 fevriye 2024 la.
Carl Henry Florant