Nan yon kominike yo mete deyò lendi 29 avril pase a, Biwo nasyonal “Ethnologie” kondane konpòtman yon direktè lekòl nan Fò Libète ki maspinen yon elèv paske lwa te monte l pandan l t ap swiv kou nan klas la.
“Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) kondane ak tout fòs li konpòtman ki revòlte moun Direktè lekòl Fò Libète a sou yon lekòl, men tou sou relijyon Vodou an Ayiti.” se sa nou te ka li nan koumansman nòt la.
BNE a kwè joure ak maltrete yon moun sou baz relijyon yo se vyolye dwa timoun nan epi libète relijyon ki se yon dwa fondamantal. “Konpòtman Direktè a se yon zak malonèt kont Vodou a. Se yon souflèt tou kont tradisyon nasyon Ayisyen an”, toujou daprè kominike a.
Yon lò bòt BNE a, pandan l prezante solidarite li ak elèv sa, mande Ministè Relijyon, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch pou pwoteje timoun sa a ak tout lòt moun k ap grandi nan relijyon Vodou a. “Men tou dwe gen gwo desizyon legal ki pran kont Direktè sa a ki se tou yon pastè,” se konsa BNE a te fini kominike a.
N ap raple, nan yon videyo k ap sikile sou rezo yo depi kèk jou, nou ka wè yon direktè lekòl ki ap bat yon tifi epi joure l paske yon lespri Vodou te monte li nan klas la. Se pa premye elèv k ap viktim zak malonèt sa yo anba men direktè lekòl ak pwofesè, responsab yo dwe pran gwo dispozisyon pou ka sa yo pa repete ankò.