Dekrè ki gen rapò ak kreyasyon, òganizasyon ak fonksyonman Konsèy prezidansyèl tranzisyon an pibliye ofisyèlman madi 28 me sa a nan jounal ofisyèl Le Moniteur. Dokiman sa a ratifye kreyasyon nouvo estrikti egzekitif sa a ki gen pou misyon pou transfere pouvwa bay otorite ki eli yo nan dat 7 fevriye 2026.
Dekrè a prevwa yon “Présidence Tournante” ant kat (4) konseye pou yon peryòd de (2) lane epi etabli yon majorite senk (5) sou sèt (7) pou tout desizyon enpòtan yo.
Dokiman sa a tabli plizyè misyon ak responsablite konsèy la, epi fòmèlman fikse dire manda KPT a, ki dwe fini an fevriye 2026. Piblikasyon dokiman sa a te esansyèl pou konplete pwosesis nominasyon Premye minis tranzisyon an.
N ap raple yon ti tan apre piblikasyon dekrè a, yon konsansis te jwenn an favè Garry Conille ak sis (6) sou sèt (7) manm konsèy la pou l okipe pozisyon chèf gouvènman pwovizwa a.