Dieu du chaos, se non sa ajans gouvènman ameriken k ap jere pwogwam espasyal sivil yo ki rele Nasa bay gwo asteroyid sa ki mezire 370 mèt dyamèt. Gwo bout wòch sa ap vin pi prè planèt tè nan nan lane 2029. Men, li p ap fè kolizyon ak planèt ble a daprè sa ekspè yo fè konnen.
Asteroyid la se yon kò daprè syantifik yo ki konpoze ak wòch epi meto. Li kapab peze kèk santimèt jouk rive nan plizyè kilomèt. Nan ka asteroyid Nasa batize “Dieu du chaos” a, li mezire li menm 370 mèt dyamèt epi li peze ant 40 pou rive 50 milyon tòn yo konsa.
Kò selès sa dwe pase tou prè nou, jou ki ap 13 avril 2029 la. Eskpè yo kite je yo tou louvri sou gwo bout wòch sa a, paske se premye nan istwa mond n ap viv la, yo gwo objè selès pral pase pre nou konsa. Li pral pase pi prè nou pase menm satelit nou voye nan lespas yo.
L ap pase yon distans 32 000 km yo konsa daprè Nasa. L ap tèlman pre nou, moun nan kèk kontinan tankou Azi, Afrik, Oseyan Endyen, Ostrali ap gen gwo chans pou yo wè l ak de je yo, san yo pa bezwen aparèy. Nan lide sa, ekspè yo voye yon veso espasyal ki pote non OSIRIS-REX al obsève “Dieu du Chaos” a pi prè toujou. Li ap apwoche gwo kò selès la nan yon distans 25 mèt.
Daprè sa ekspè Nasa yo fè konnen, rankont Apophis (Dieu du Chaos), ak latè ap modifye òbit asteroyid la epi redwi 30,6 nan jounen li. Rankont sa kapab tou pwovoke gwo tranbleman tè ak glisman teren sou sifas objè a.
Carl Henry Florant