Nan kad ankèt k ap mennen sou ansyen depite Prophane Victor ak asosye li yo, jounalis Ismaël Valestin jwenn konvokasyonl nan pakè Pòtoprens. Demach sa a vini apre piblikasyon yon rapò Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), ki revele itilizasyon nimewo telefòn li nan jou arestasyon ansyen depite a.
Nan rapò envestigasyon DCPJ a, ki gen dat 12 janvye 2025, yo idantifye aktivite nimewo 4765-5676, idantifye pou Ismaël Valestin, relve telefonik yo revele gen plizyè apèl ki te fèt nan jou operasyon pou te rive arete Prophane Victor.
Jounalis la ki te pale ak kèk medya konfime li se pwopriyetè nimewo a. Li di lap itilize kontak sa depi anviwon 15 lane. Li fè konnen li te kontakte Joseph Saget, alyas “Jo”, chofè ansyen palmantè a, nan lide pou verifye enfòmasyon ki gen rapò ak arestasyon Prophane Victor.
Nap raple, ansyen depite Ti Rivyè Latibonit la te jwenn arestasyon l pou prezime enplikasyon l nan trafik zam ak bal epi asosyasyon malfektè. Nan kad dosye sa lapolis deja mete anba kòd plizyè ansyen responsab nan pi wo nivo leta.