Kominite entènasyonal la pa sispann bat bravo pou konsèy prezidansyèl la ki rive enstale jounen jedi 25 avril la. Se ka prezidan peyi Kenya ki salye enstalasyon manm CP yo pandanl pwofite anonse li pare pou fòs miltinasyonal la debake nan peyi a.
“Sèman manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (TPC) konstitye se yon etap enpòtan nan tranzisyon politik la an Ayiti. TPC a gen misyon prensipal pou aji rapid pou retabli enstitisyon kle ki esansyèl nan leta nan restore lòd piblik ki nesesè pou nan lespwa jayi pou tout Ayisyen,” se sa chèf leta Kenyan fè konnen.
Pi lwen William Ruto fè konnen li pare pou deplwaye rapid rapid fòs miltinasyonal la nan peyi a. “Kenya pare epi dispoze, ansanm gwo alyans nasyon Afriken yo ak CARICOM nan, ki angaje nan estabilite nan Ayiti, nan mete sou pye enfrastrikti sipò sekirite ki prevwa nan rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini 2699 (2023).” Se sa chèf Leta Kenya te ekri sou kont X li.
Nap raple sa gen plis pase yon lane depi konsèy sekirite nasyon zini te bay otorizasyon pou yon misyon miltimasyonal sekirite debake nan peyi a, depi dat sa se monte desann, anyen poko klè pandan bandi yo kontinye ap pouri lavi popilasyon an.