Nan yon kominike, Depatman Deta ameriken an anonse vandredi 15 mas 2024 la peyi Etazini pwomèt pou l bay 25 milyon dola ankò pou ede Ayiti travèse kriz imanitè l ap konnen jou sa yo. Sòm sa k ap pase nan men USAID a pral ajoute sou 33 milyon dola èd imanitè Sekretè Leta Mesye Antony Blinken te anonse nan kòmansman semèn nan.
Vyolans gwoup kriminèl yo ogmante pi plis chak jou andan peyi a ki te deja ap fè fas ak yon kriz imanitè san parèy. Sitiyasyon sa pwovoke deplasman 362 000 moun. Jodi a daprè Depatman Deta ameriken an, 5.5 milyon ayisyen k ap viv nan peyi a bezwen yon sipò imedya paske li vin difisil pou yo jwenn pwodui premye nesesite yo tankou manje, dlo pou moun bwè, swen lasante elatriye.
Nan sans sa, Etazini k ap travay ak USAID ap founi 25 milyon dola mete sou 33 milyon yo te pwomèt pou fè fas ak ijans popilasyon Ayisyen an. Finansman sa toujou daprè kominike a, pral makonnen ak èd Nasyonzini yo ak èd ONG yo pou bay Ayiti sipò alimantè imedya, materyèl sekou, soutyen sikososyal, swen lasante, dlo trete ak Sèvis pwoteksyon pou moun ki pi vilnerab yo sitou fanm ak tifi.
Peyi Etazini ki di l se pi gwo donatè peyi Dayiti di li pare pou fè gwo jefò pou sipò sa yo rive distribye nan peyi a, menm si vyolans yo te kanpe kèk travay patenè l yo. Depatman Deta raple nan kominike a, depi oktòb 2022, yo te deja vèsè bay USAID 146 milyon dola pou yo te ede 1.5 milyon ayisyen ki te nan gwo difikilte.
Carl Henry Florant