Gang yo nan peyi Dayiti ak moun ki finanse yo epi ba yo zam kapab wè depatman depatman deta ameriken met etikèt “teworis” sou do yo epi yo kapab pran prizon tou nan prizon ki gen gwo dispozitif sekirite nan peyi Salvadò, daprè yon atik jounal ameriken, Miami Hérald.
Depatman Deta Ameriken an, ki te chwazi nan kòmansman ane sa a gang Venezyelyen Tren Aragua ak sèt (7) lòt gwoup kriminèl kòm òganizasyon teworis etranje, ap travay pou bay chèf ak manm kowalisyon gang Viv Ansanm ak gwoup baz Gran Grif k ap opere nan Latibonit menm deziyasyon sa oswa yon kategori ki pi ba toujou «Teworis mondyal».
Sekretè Deta Marco Rubio, ki te chita pale anpil ak lidè Karayib yo sou enstabilite nan peyi dayiti pandan yon vizit nan Jamayik mwa pase a, kwè vyolans lan plonje yon milyon Ayisyen nan grangou ak plis pase yon milyon moun ki deplase anndan peyi a. Li di tou vyolans sa reprezante yon menas pou sekirite rejyonal ak enterè Etazini yo.
Deziyasyon eta teworis la ap ede etazi rive sou nenpòt moun k ap ede gang yo, soti nan trafikan zam ak bal rive nan gwo otorite ayisyen ki finanse gwoup ak zam yo. Nenpòt moun yo jwenn koupab nan ede gang yo ap konsidere kòm yon “teworis” epi yo ta fè fas a sanksyon pi sevè, ki gen tankou sanksyon anti-teworis.
Nan ka sa, ap gen yon senaryo kote lidè ak manm gang ayisyen yo ta ka fini nan prizon CECOT, ansanm ak lòt teworis nan MS-13 ak Tren de Aragua, daprè Miami Hérald ki site yon gwo otorite nan depatman deta.