Aprè plis pase twa (3) lane, gen gwo chans pou foutbolè ayisyen yo tounen sou teren foutbòl ofisyèlman. Se Federasyon foutbòl ayisyen an ki fè anons sa sou paj Facebook li jou kite mèkredi 27 desanm 2023 a. Dirijan foutbòl yo fè konnen, y ap travay pou yon nouvo fòma ki adapte ak reyalite a.
Chanpyon nasyonal premye divizyon an te kanpe jou ki te 3 jen 2021 an. Ministè espò nan lakou peyi Dayiti te entèdi tout manifestasyon foutbòl sou tout teritwa nasyonal la poutèt plizyè ka Kovid-19 yo di gouvènman te jwenn nan peyi a. Depi lè sa, chanpyona nasyonal premye divizyon pa t janm tounen jwe ankò.
Aprè yon seyans travay dirijan Klèb premye divizyon yo ak manm Federasyon an fè nan vizyonkonferans, yo anonse chanpyona pa lwen pou l redemare anndan peyi a. Nan fòma k ap gen pou l piblik pa lontan konsa, dirijan foutbòl lokal yo fè konnen, yo pran an kont tout pwoblèm jewografik ki prezante jounen jodi a. Men yo ap gen pou yo bay plis detay nan jou k ap vini yo.
Depi anons sa fanatik ak moun kap analize foutbòl pa sispann poze kesyon. Si anpil ladan yo dakò pou foutbòl la rekòmanse sou teritwa nasyonal la, yo pa sispann mande si se nan menm kondisyon lontan lontan yo. Eske jwè ap gen yon salè ki defini? Eske kontra yo ap respekte? Eske jwè ap sispann mande moun pou achte soulye foutbòl pou yo? Se kèk pami kesyon fanatik foutbòl tanmen poze.
Carl Henry Florant