
Pou final 68tyèm edisyon Lig dè Chanpyon an, Manchester City bat Inter Milan (1-0), nan stade Ataturk la, nan vil Istanbul. Se Rodrigo milye teren Citizens yo ki make gren gòl la nan 68yèm minit. Se premye koup gwo zòrèg Sky blues yo ranpòte nan istwa yo.
Alòske pwonostik yo te bay ekip Guardiola favori sou Inter, pandan 90 monit yo ekip Simone Inzaghi an te poze anpil pwoblèm ak Citizens yo ki pat nan yon gran jou. Nan 68yèm minit, gras ak yon aksyon Bernado Silva te mennen, Rodrigo te pwofite enskri grenn gòl match la ak yon bèl enteryè pye dwat ki te ale tou dwat nan ti filè opoze Andrè Onana. Malgre 15 dènye minit jwèt la te gen plis aksyon ofansif, final Lig dè Chanpyon sa pap rete kòm youn nan pi bèl final Lig dè Chanpyon ki jwe, puiske nan animasyon jwèt la 2 ekip yo pat livre yon gwo pèfòmans.
Tit Lig dè Chanpyon ekip Guardiola genyen an, se twazyèn twofe Manchester City pran pou sezon sa, yon triple istorik. Citizens yo se dezyèm ekip Anglè ki fè triple FA Cup, Premier League ak lig dè chanpyon. Premye ekip ki te reyalize yon pèfòmans konsa se te Manchester United nan lane 1999.
Se twazyèn koup gwo zòrèy Pep Guardiola pran kòm antrenè, li te sakre nan lane 2009 ak 2011 ak FC Barcelone e 2023 avèk Manchester City. Li vini tou premye antrenè nan istwa ki fè 2 triple ak 2 ekip diferan, Barca nan lane 2009 epi City nan ane 2023 sa.

Inter Milan bò kote pal pèdi 3zyèm final lig dè chanpyon nan istwal apre 1967 ak 1972. Men tou klèb Italyen yo sezon sa fè 3 final ewopeyen yo pèdi tout: AS Roma te pèdi final Europa League devan FC Séville, Fiorentina te pèdi final Europa League Conference lan devan West Ham.
Jonathan Charles