Frantzdy Pierrot ret yon pa poul jwe Lig dè chanpyon an sezon sa. Nan kad premye match dènye tou pleyòf C1 yo, entènasyonal ayisyen an make 2 gòl pou l patisipe nan viktwa ekip li Maccabi Haifa (3-2) kont Étoile Rouge de Belgrade.
Jounal ewopeyen yo pa sispann pale de jwè Ayisyen an. jounal Marca nan peyi Espay salye pèfòmans Frantzy, jounal la ekri ke meyè bitè Lig dè chanpyon an se Ayisyen e lap jwe nan peyi Izrayèl.
Nan 5 match li jwe nan baraj yo ak Maccabi, Atakan Ayisyen an gentan make 5 gòl. Li pral gen opòtinite poul ede ekip li jwenn biyè pou Lig dè chanpyon an pandan vizit Maccabi nan peyi Sèbi, match sa ap konte pou match retou kont Etoile Rouge de Belgrade, 23 out kap vini la. Si Maccabi Haifa kalifye pou faz final Lig dè Chanpyon 2022-2023, Frantzy Pierrot ap vini katriyèm jwè Ayisyen ki jwe gwo konpetisyon sa dèyè Wagneau Eloi, Reginald Goreux ak Donald Guerrier.