
Pou 17tyèm edisyon Gold Cup la, seleksyon ayisyèn nan ki tap jwe premye match li nan konpetisyon an dimanch 25 jen an nan stad NRG Stadium, Vil Texas, bat Kata (2-1). Se dezyèm fwa ayiti bat Qatar nan 2 match yo jwe deja nan tout istwa yo.
Mitan teren Kataryen an Yousuf Yousuf Abduridag (23zan) te fè premye gol match la nan 20tyèm minit. Nan fen premye mitan 45+1, Duckens Nazon (29 lane) te egalize sou pennal.

Nan dezyèm mitan, fen match la Frantzdy Pierrot te fè gol viktwa (90+7) sou yon pas gòl Carnejy Antoine. Grenadye yo byen rantre nan tounwa ak viktwa sa, se tou premye viktwa pou Gabriel Calderon Pellegrino nan konpetisyon ofisyèl.
pou dezyèm match li nan Copa de Oro an ekip Ayiti a ap jwe kont seleksyon Meksik la 30 jen kap vini la, posibilite pou ekip nasyonal la pran revanj li sou meksiken yo.
Jonathan Charles