![Foutbòl/Coppa Italia: Inter genyen derby a epi kalifye pou final IMG 20230426 WA0003 Foutbòl/Coppa Italia: Inter genyen derby a epi kalifye pou final](https://telepam.tv/wp-content/uploads/2023/04/IMG-20230426-WA0003.jpg)
Nan match retou demi final 76yèm edisyon Coppa Italia a, te ofri nou pi gwo rivalite ki genyen nan peyi a, Inter Milan bat Juventus (1-0), nan stad Giussepe Meazza mèkredi 26 Avril la.Se mitan teren italyen 25 lane a Federico Di Marco kite fè gol la depi nan 15zyèm minit match la.
Viktwa sa pèmèt inter ranpòte dyèl la, nan premye manch lan kite fini (1-1), pou dezyèm manch lan, yo bat (1-0). Sa ki bay ekip nwa e ble a dwa poul ale jwe final la. Se pral 15zyèm patisipasyon yo, yo chanpyon 8 fwa deja. Interiste yo ap tann venkè Fiorentina Cremonese. Final la ap gen poul fèt 24 me kap vini la.
Jonathan Charles