Pou final 106zyèm edisyon an, samedi 29 avril la, Ekip Toulouse la pase FC Nantes yon manita (5-1). match la te dewoule nan “Stade de France lan.
Pou ekip chanpyon an, defansè entènasyonal Kapvèdyen 22 lane a Logan Costa fè dekabès 4e ak 10e minit, Atakan 22 lane olandè a Thijs Dalinga fè yon double tou 23e, 31e minit ak atakan mawoken 22 lane Zakaria Abhoukal 79e minit pou senkyèm gòl la. Mitan teren fransè 25 lane a Ludovic Blass 75e sou pennal pou nantè yo.
Se premye fwa ekip Toulouse la rive nan final epi chanpyon nan istwa konpetisyon sa. Thjis Dalinga fini pi bon bitè ak 6 gol nan konpetisyon an.
Jonathan Charles