Gen 300 machin ki sezi ,25 moun mouri pami yo pasaje ak chofe soti premye jen jiska jounen Jodi a selon MUTH
Mouvman inisfye transpòtè ayisyen yo drese yon tablo nwa kou lank sou sitiyasyon chofè mèt machin ak pasaje nan peyi a. Soti premye jen 2021 pou rive 29 mas 2022 gen 50 moun ki kidnape,102 lòt blese 25 moun asasinen,300 machin sezi ,10 lòt machin pase anba dife selon kòdonatè jeneral MUTH lan Duclos Benissoit.Sendikalis la fè konnen majorite ka sa yo anrejistre nan matisan ki bloke depi yon lane devan enpwisans oubyen konplisite otorite yo.responsab MUTH la pote sipo yo bay popilasyon sid la ki prevwa leve kanpe premye jen kap vini la,sendikalis lanse yon iltimatòm 15 jou bay gouvenman pou rezoud problem matisan an sinon yap pase nan yon lòt faz.Nap raple yon bis ‘’voix des anges ‘’ pase anba bal bandi matisan yo jounen lendi 30 mas la ,bilan yon moun mouri ak 2 blese dapre Mehu changeux ki kontinye mande chofe yo sispann frekante wout sid la .kodonate APCH anonse yon gwo mouvman protestasyon nan sektè transpò a tou pou premye jen kap vini la a.