Zak asasinay yo se rezilta vyolans ki anrejistre nan peyi a denye tan sa yo pandan manifestasyon popilè kap fet kont lavi chè ak rate gaz.Gen ajan lapolis ki gen dwet yo tranpe tou nan plizyè ka omisid daprè OCNH.
Nan rapo se depatman lwès ki gen plis moun ki pèdi lavi yo .Pou mwa septanm lan OCNH anrejistre 50 ka pou sèlman lwes peyi a. oganizasyon kap defann dwa moun yo souliye lapolis itilize anpil gaz lakrimojèn nan manifestasyon yo kap fet nan peyi kont pouvwa an plas lakoz moun mouri epi blese .
Fas a sitiyasyon sa ,OCNH kwè leta dwe pran tout dispozisyon nesesè na lide pou pini tout otè zak vyolasyon dwa pou moun yo.Leta dwe ranfose tou kapasite operasyonel PNH la nan bal materyèl efikas pou lite kont gang yo.
Kodonatè OCNH la dil konsate mank volonte otorite yo pou konbat fenomèn ensekeite a pou popilasyon an sispann viktim .defanse dwa moun nan raple Gouvenman an obligasyon yo genyen pou proteje dwa tout moun parapò ak yon kantite konvansyon leta ayisyen siyen ,Épi Jan sa prevwa nan Deklarasyon inivèsèl dwa moun .