Madi 15 avril la,Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), ak sipò Delege Lwès la, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) ak Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM), distribye kit manje ak sante nan sis (6) sit ki sou wout Bourdon.
Jès sa daprè yon nòt primati se pou ede deplase yo fè fas ak yon reyalite difisil yo ap viv nan kan yo, men aksyon sa a vize pote tou yon ti soulajman ak diyite bay moun ki plis bezwen yo. Atravè jès sa a, FAES montre angajman li pou sèvi, pwoteje epi rete ansanm ak popilasyon an nan moman ki pi difisil yo.
Inisyativ sa a fè pati tou yon seri mezi klè gouvènman Repiblik la ap poze an favè moun ki deplase yo ak moun ki pi vilnerab yo. Selon kominike a, li se yon angajman k ap kontinye pou rebati espwa, retabli diyite ak sipòte chak sitwayen nan lide pou yon avni ki pi estab, kote tout moun ap viv tankou moun.