“Groupe Réflexion de Tabarre ” pa kache preyokipasyon l pa rapò ak sitiyasyon sosyal ak politik peyi a ki anpeche peyi a byen mache. Ayiti ap viv youn nan moman ki pi nwa nan tout istwa l sitou ak gang yo ki kontinye ap fè sa yo vle anba je otorite yo,enstabilite politik kote pouvwa ap itilize tout estrateji poul travèse 7 fevriye.
Pandan 7 fevriye a ap rive la GRETA vle atire atansyon gouvènman sou danje ki pandye sou tèt peyi sa ,yon peyi pouvwa sa pwouve deja li pèdi kontròl li. GRETA kwè gen ijans pou konvoke tout fòs viv nasyon an, kominote entènasyonal la pou jwenn yon konsansis laj solid pou evite peyi a tonbe nan katyouboumbe.
Li klè Gouvènman ki la pat ranpli misyonl, ensekite toupatou, lavi sitwayen yo toujou anba menas gang chak jou Bondye mete nan kat kwen nan peyi a. Bandi yo kidnape vyole touye jan yo vle san yo pa janm enkyete yon jou.
“Groupe réflexion de tabarre ” yon lòt fwa ankò mande aktè nasyonal ak entènasyonal chita pou chèche yon konsansis laj san ekip echwe ki sou pouvwa pou retire peyi a nan lòbèy sa, epi poze aksyon serye pou tabli sekirite, retounen peyi a nan lòd konstitisyonèl ak demokratik.