Alòske konstriksyon kanal la nan Rivyè Masak lakoz gwo konfli ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, otorite dominiken yo ap planifye pou ranfòse prezans sòlda yo sou liy fwontyè a. Se sa kòmandan jeneral lame dominiken an, majò jeneral Carlos Antonio Fernandez Onofre anonse.
Dispozisyon sa vini apre ensidan ki te fèt sou fwontyè Dajabón madi pase a. Otorite dominiken yo, ki akize Ayisyen yo di ki te rantre sou teritwa yo a, di yo ap adopte mezi sa a pou sekirize teritwa yo.
Nan sans sa a, sòlda ki soti nan plizyè lòt inite espesyal pral deplwaye sou fwontyè a.