Akoz sitiyasyon ensekirite a k ap taye banda nan peyi Dayiti, anpil konpayi deja fèmen pòt yo, anpil lòt k ap fòse kenbe ap oblije fè yon kanpe. Se ka konpayi NUTV ki anonse nan yon nòt lendi 29 avril la yo ap kanpe retransmisuon pwogram yo apati 31 me 2024.
“NUTV anonse bon jan kliyan li yo li oblije mete fen nan retransmisyon pwogram li yo apati 31 me 2024.” se sa nou te ka li nan kominike konpayi a mete deyò.
Pi lwen NUTV avanse se sitiyasyon peyi a ki lakoz yon pran desizyon sa. “Desizyon sa a pran akoz sitiyasyon an k ap kontinye degrade nan peyi a ki anpeche nou bay bon jan kalite sèvis ke nou te konn travay pou n bay kliyan nou yo,” toujou daprè nòt konpayi sa.
N ap raple NU TV se yon konpayi televizyon nimerik ki sou mache a depi 2012.