”Dialogue intersydical pour la construction d’une paix sociale durable ” se sou tèm sa Konsèy nasyonal sosyete sivil ayisyen an nan tèt kole ak OFATMA òganize yon brase lide sou problèm transpò a nan peyi a.
Yon aktivite ki te reyini divès sendika transpò nan peyi a ak reprezantan lòt sektè nan sosyete sivil la. Selon kodonatè an apre konsèy la li nesesè pou reyadapte sistèm transpò nou an pa rapò ak gwo chanjman ki genyen nan sosyete a sitou lèl konsidere 4.5 milyon moun kap viv nan zòn metwopolitèn nan.
’’Akote lekòl sektè transpò a se endikatè fonksyonman peyi a, depi gen pwoblèm nan sektè sa yo konnen gen pwoblèm,’’ se deklarasyon Jean Vilmond Hilaire ki fè konnen se pou rezon sa CNSCA vle angaje dyalòg nan sosyete a pou vini ak yon solisyon pou sekte transpò a.
Kodonatè jeneral mouvman inifye transpotè ayisyen an Duclos Benissoit raple resposnablite leta pou òganize transpò a, oubyen yon patenrya piblik prive, menm jan ak resposnab CNSCA a sendikalis la kwè imaj transpò piblik la defini imaj yon peyi. Duclos benissoit raple divès tantaiv leta fè nan tranpò a ki pa dire tankou program ‘’service plus ‘’ elatriye.
Jounen Jodi a transpò a lage sou do prive ki yo menm pran gwo kou nan 3 dènye ane sa yo. Soti 2020 pou rive 2023 50 chofè kindnape, 102 blese ak bal, 25 mouri, 300 machin sezi san konte sak boule sou wout yo.
Lè bandi yo bouke ak faz sa yo pase nan yon lòt nivo ki se resèt, gang yo deside ranplase leta nan mete pòs peyaj sou wout yo, sak lakoz leta pèdi plizyè milya goud. Yon pwa ki sou do chofè, mèt machin ak pasajè.
Responsab MUTH la dil espere apre brase lide sa yap pwodwi yon kaye doleyans ki pral jwenn otorite yo. Nan diskou sikonstans li direktè jeneral OFATMA Carl Francois raple responsiblite sendika pou ede chofè yo patisipe nan sistèm proteksyon sosyal yo. Chofè yo pa bezwen tann aksidan pou yo chèche sevis sante ,sendika yo kapab monte yon federasyon manb ki kapab peye pou yon kouvèti asirans sante pou le yo bezwen.
Se vre leta gen responsablite pou pwoteje sitwayen yo, sendika yo tou gen resposnablite pou pwoteje manb li yo kont maladi, aksidan elatriye,daprè Carl Francois ki ankouraje sendika yo rejwenn OFATMA.
Sitwayen yo pa janm sispann plenyen pou fason transpò piblik la ‘’mal òganize’’ nan peyi Dayiti lèn konparel ak lòt peyi, machin kraze ki nan trafik kap monte desann anba je polis sikilasyon, chofè ki adopte sikwi yo vle, kidonk pwoblem yo anpil nan sektè sa. Konsèy nasyonal sosyete sivil ayisyen an deside potel sou tab diksisyon nan sosyete a.