Nan lanwit mèkredi 13 mas pou louvri jedi 14 mas 2024 la, sis (6) sou nèf (9) antite ki te gen pou bay manm ki pral fòme Konsèy Prezidansyèl la voye non moun yo chwazi pou reprezante yo nan Konsèy la. Daprè enfòmasyon yo, Kominote Karayib la ap etidye dosye chak reprezantan yo avan yo pran desizyon final la.
Aprè anpil chita pale nan mitan diferan aktè politik ayisyen ak responsab CARICOM nan Jamayik, yon antant te jwenn nan mitan diferan sektè pou fòme yon KP ki konpoze ak 9 manm : 7 manm aktif ak 2 obsèvatè. Chak antite te genyen ayè mèkredi 13 mas la pou yo prezante CARICOM reprezantan yo.
Se konsa 6 Sèktè deja voye non moun ki ta dwe syeje pou yo nan Konsèy Prezidansyèl la. Akò Montana bay Fritz Alphonse Jean kòm reprezantan. Sou bò pa li, Fanmi Lavalas bay Lesly Voltaire. Kolektif 30 janvye li menm voye a Edgard LeBlanc reprezante l. RED/EDE/”Compromis Historique” chwazi Marie Ghislène Mompremier pou reprezante l.
Akò 21 desanm divize sou koze sa ,yon gwoup ki konsidere tèt yo kòm majoritè konfime chwa Vikerson Ganier Alòske gwoup André ak Marjorie Michel voye non ansyen Senatè Levalliant Louis jeune, yèswa yon lòt gwoup siyatè 21 desann voye non Charles Tardieu. Epi Sèktè prive a voye Laurent St-Cyr kòm reprezantan nan KP a.
Pati politik Pitit Dessalines ki te fè pati sektè ki te envite nan rankont sa pa voye reprezantan. Kritè CARICOM bay pou manm chak pati entegre Konsèy la pa ta nan liy batay lidè pati a, Jean-Charles Moïse, ansyen Senatè a kontinye ap kore konsèy ki gen Guy Philippe la.
Jiska moman nap ekri tèks sa Òganizasyon sosyete sivil la pa voye 2 reprezantan li yo ki dwe syeje kòm obsèvatè yo.
N ap raple, pou yon moun fè pati Konsèy Prezidansyèl la fòk li p ap poze kandidati nan pwochen eleksyon k ap gen pou fèt nan peyi a, fòk li pa anba sanksyon Nasyonzini oubyen yon lòt peyi, fòk li pa gen ankenn zak akizasyon oubyen enkilpasyon epi fòk li dakò rezolisyon 2699 Nasyonzini an ki te pran pou fòs miltinasyonal la debake anndan peyi a.
Carl Henry Florant