Nan yon nòt pou laprès ki pibliye mèkredi 22 me sa a, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an anonse li te fè yon chita pale ak ekspè nasyonal, pwofesyonèl nan dyaspora ak pèsonalite enpòtan sou kreyasyon Konsèy nasyonal sekirite a.
“Objektif prensipal reyinyon sa a se te defini yon repons efikas nan plizyè aspè nan kriz sekirite peyi nou an ap fè fas,” se sa konsèy la ekri nan nòt pou laprès la.
Daprè konsèy la, CNS (sig li an Fransè) la responsab pou defini ak sipèvize aranjman pou asistans sekirite entènasyonal la, an akò ak rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini.
Yon lòt kote, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an renouvle angajman li pou l travay ansanm ak tout patnè pou garanti sekirite ak estabilite nan peyi a.