Nan yon komine, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) voye pi kondoleyans li bay gouvènman ak pèp Kenyan, ansanm ak fanmi sòlda Bénédict KABIRU, ki te tonbe lendi 24 mas 2025 la nan Savyen.
KPT a salye kouraj ak detèminasyin ofisye polis vanyan sa a, ki te angaje ansanm ak fòs ayisyen yo pou lite kont ensekirite, li te fè sakrifis pou yon pi bon avni pou peyi Dayiti.
Pi devan, KPT a di li renouvle detèminasyon l pou elimine tout fòm krim ki kontinye ap simen laperèz nan peyi a. Moun ki responsab krim sa yo, kit yo se kriminèl ak zam oubyen konplis, pral oblije reponn pou aksyon yo devan tribinal, daprè Konsèy la.