Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Fritz Alphonse Jean, akonpaye ak Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Laurent Saint-Cyr, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Frinel Joseph, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm Gouvènman li an, Direktè jeneral Polis la Normil Rameau, Kòmandan an chèf Lame a Derby Guerrier te patisipe nan komemorasyon 222èm anivèsè lanmò Toussaint Louverture, jounen lendi 7 avril 2025 lan, nan Viladakèy.
Ekselans Fritz Alphonse Jean, nan entèvansyon li an, fè konnen jounen 7 avril la se yon dat enpòtan nan listwa peyi a. Prezidan KPT a raple pèp ayisyen an Toussaint Louverture se yon lidè ki make listwa peyi a epi li se yon senbòl anti esklavajis. Jounen 7 avril la se yon dat tout Ayisyen sipoze onore epi pwofite de li pou medite sou zèv Ewo nou yo, sitou Toussaint.
Kowodonatè Konsèy la fè yon apèl solanèl bay tout pitit peyi a pou yo kwè nan ideyal Zansèt yo. Nan sans sa a, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an angaje l pou suiv tras Ewo yo pou kapab bay peyi a yon lòt direksyon.