Twa (3) jou aprè ajans Laprès Reuters fin rapòte yon etid Inivèsite Michigan ki revele diri peyi Etazini ap vann Ayiti a genyen tras kadmiyòm (Cadmium) ak tras Asenik (Arsenic) ak lòt sisbtans ki kapab ogmante risk pou manm popilasyon an fè maladi kansè ak maladi kè, Leta Ayisyen rete nan silans li. Ni Ministè komès ak ni Ministè sante piblik pa di anyen sou dosye sila nan moman n ap ekri atik sa jodi madi 27 Fevriye 2024 la.
Konsomasyon diri ameriken oubyen diri pèpè jan ayisyen yo rele l la kòmanse sitou nan lane 1980 yo sou enfliyans Washington. Se nan moman sa diri lokal yo, tankou diri ki fèt depatman Latibonit ak nan depatman Sid peyi a, pral pran gwo kou sou mache a. Jodi a plis pase 90% ayisyen se diri k soti lakay blan meriken an yo konsome. Nan lane 2020, ekspè Inivèsite Michigan yo revele, yon ayisyen manje an mwayèn 85 kg diri kont 12 kg pou yon ameriken. Sa ki fè jèn ti moun ayisyen yo gen anpil chans pou yo develope kèk konplikasyon lasante pi devan.
Revelasyon ajans Reuters pibliye samdi 24 fevriye 2024 la fè konnen tou, non sèlman enpòtasyon diri ameriken an nan peyi a kraze ekonomi agrikiltè lokal yo ki pa ka vann diri yo pwodui Ayiti a, mete sou sa li gen gwo konsekans sou lasante popilasyon an. Tras sibstans yo jwenn nan diri tout kalte ameriken ap bonbade mache lokal la, depase nòm entènasyonal la. Toujou daprè etid Inivèsite Michigan la, diri Etazini voye Ayiti yo depase rekòmandasyon Food and Drug Administration nan peyi Etazini konsènan konsomasyon ti moun.
Aprè revelasyon sa yo, Leta ayisyen pa kominike anyen sou dosye sa. Ankenn nan Ministè konsène nan koze sa yo pa soti menm yon nòt pou fè konnen yo aprann nouvèl la tou. Daprè kèk sitwayen ayisyen, n ap site Leta lage yo pou kont yo. Yo pa gen moun k ap defann yo. Sitwayen sa yo deklare tout peyi voye pwodui jan yo vle nan peyi a san kontwòl. Jis kounye a diri ameriken yo kontinye ap vann sou mache a san konpayi diri ameriken USA Rice ni moun ki fè diri sa yo antre sou teritwa nasyonal la pa enkyete.
Pandan tan sa, USA Rice nan yon nòt li pibliye menm jou a, samdi 24 fevriye 2024 pase a, te fè konnen yo kenbe angajman pou yo vann pwodui kalite ki respekte nòm ki pi elve yo. Nan nòt sa Federasyon USA Rice la pibliye a pou reponn atik Reuters la, yo deklare nan tout diri yo ap ekspòte, yo toujou veye sou kalite pwodui a poutèt lasante konsomatè yo.
Latibonit preske pa ka fè diri pou pèp ayisyen an. Non sèlman diri ameriken an kraze ekonomi agrikiltè yo, pi fò zòn ki te ka fè manje yo anba kontwòl nèg ak zam. Yon lòt kote, lòt zòn ki te konn fè manje tankou nan zòn depatman Sid (Laplèn Tòbèk) separe ak rès kapital la oubyen plizyè lòt depatman akoz fwaye gang ki sou wout nasyonal yo.
Carl Henry Florant