FC Barcelone sot fè yon vwayaj konplike nan Lig dè chanpyon an sou teren Inter de Milan nan peyi Italie. Nan kad twazyèm jounen C1 an FC Barcelone pèdi devan Inter Milan (1-0).
Alòske yo pa nan yon bon nivo depi kòmansman sezon an, jwè Simone Inzaghi yo rache yon viktwa enpòtan kont Blaugrana yo (1-0), se premye siksè to nan kanpay Koup gwo Zòrèy la. Pandan ekip Barca pase tout premye mitan ap domine yo (33% pou Inter), jwè Italyen yo te jwenn wout kan gras ak Hakan Calhanoglu (45e + 2).
Yon defèt ki pa bon pou Catalan yo ki pou kounya twazyèm nan gwoup la, sa ki sinonim relegasyon pou Europa League. Li ankò bonè, jwè Xavi yo rete twa lòt match pou retire tèt yo nan sitiyasyon sa.