
Kredi foto: FHFH
CONCACAF te òganize seremoni pou tiraj o sò lig dè nasyon an Nan vil Miami ki nan eta floride (Etazini) madi 16 me a. Seleksyon ayisyèn nan ki twouvel nan Lig A, tonbe nan gwoup B a avèk Cuba, Jamaïque, Honduras, Suriname ak Grenade.

Kredi foto: CONCACAF
Gwoup A li menm gen ladann Panama, Guatemala, Salvador, Martinique, Curaçao ak Martinique.

Kredi foto CONCACAF
Premye ak dezyèm nan chak gwoup ap kalifye pou kadefinal pou rejwenn 4 meyè nasyon nan zone nan, USA, Mexique, Costa Rica ak Canada. Ekip kap fini 5kyèm ak 6zyèm nan chak poul yo ap desann nan Lig B a.
Fòk nou raple konpetisyon an ap komanse 4 septanm 2023 pou fini 26 mas 2024, lap sèvi tou faz kalifikasyon pou Copa America 2024 la.
Jonathan Charles