Foutbolè brezilyen an di ofisyèlman orevwa ak Real Madrid jodi lendi 13 jen 2022 a, nan yon konferans pou laprès ki te òganize espesyalman pou okazyon an.
Alòskel te rive nan klèb la ak 18 lanne an 2006, depi lè a lateral gòch te enpozel nan ekip la epi ranpòte plizyè twofe. Seremoni adye Marcelo Vieira da Silva Júnior te dewoule an prezans prezidan klèb la, Florentino Perez, ak plizyè lòt pèsonalite. Pandan diskou Pérez, li te di: «Real Madrid ap toujou lakay ou. Mèsi pou tout sa ou fè. Fanatik nou yo ap toujou kenbe ou nan kè yo. Ou ap toujou youn nan fyète nou yo.»
Bò kote pa l, Marcelo eksprime tèt li nan tèm sa yo : « Mwen vle remèsye Real Madrid, pi bon klèb nan mond lan. Se te yon bel avanti. Chak jou, lèm leve epi m konnen mwen se yon jwè Real Madrid, mwen souri.»
Nan 16 ane ak ekip Real la, Marcelo, 34 ans, se jwè ki ranpòte plis tit nan listwa Real Madrid, 25 tit: 5 Lig chanpyon, 6 Liga, 2 koup di Wa, 5 Sipè koup Panyòl, 3 Sipè koup Ewopeyen, 4 Mondyal klèb chanpyon. Li te jwe 546 match ak ekip la, pou 38 gòl ak 95 pas desizif.
JKC