Reyaksyon yo pa sispann tonbe aprè vizit delegasyon ameriken lan an ayiti .Se ka pou lide pitit Desalin ki minimize vizit sila ki daprè li pa angaje pèp ayisyen an .Delegasyon sa chita selman ak moun ki konn abitye sèvil dapre esplikasyon Jean Charles Moïse.Ansyen senate kwe moun ki tal chita ak delegasyon an se nan lide selman pou pran pouvwa.Etazini ki patisipe nan kreye problèm nan paka pote solisyon an daprè Ansyen senatè a ki raple solisyon an dwe soti nan mitan pèp ayisyen an .
Yon lot bò Jean Charles Moïse lonje dwèt li byen long sou prezidan eli ako Montana a Fritz Jean ameriken yo anvi pran pou vin jere tranzisyon an .Lidè pitit Desalin nan denonse Ekonomis la li fè kwè ki gen yon move pase nan Bank santral .
Ansyen senatè a te profite denonse desizyon Gouvenman pran pou envite fòs militè etranje pou tè Desalin nan ,Selon Moïse jew charles militè sa yo te gen plan pou vin arete opozan politik sou pretèks « teoris « lachin ak larisi kraze plan sa nan nasyonal zini .
Pou kontinye ekzije depa Ariel henry pitit Desalin anonse yon manifestasyon 17 oktòb kap vini la,mouvman sa pral bout devan anbasad ameriken sou taba ,se Yon fason pou raple otorite meriken an ayisyen se Yon peyi endeoandan depi 1804 ,Li pa gen poul pran lod lakay tonton sam .
Assistan Sekretè deta ameriken pou emisfè a Brian Nichols deja rankontre diferan aktè nan kriz la ,jedi 13 oktob la li te diskite ak sektè patrona tankou diferan chanm komès yo .