Finalman, MOPAL ap pozel kesyon sa :Ki kantite Materyèl Polis Nasyonal la bezwen poul kòmanse derasinen bandi nan peyi a? Aprè Gary Conille te fin livre Solino, yon katye ki t’ap reziste pandan lontan, depi kòmansman mwa fevriye se tou pa komin kenskof, kote bandi yo pase de Menas a egzekisyon tout sa yo anonse malgre otorire yo ak kèk moun nan kominote a te konnen men anyen pat fèt pou anpeche sa. Sa vle di leta parèt enpuisan e sekirite popilasyon lage sou volonté bandi yo ki deklare pèp la lagè sou tout fòm. Pèp la nan lari e li pa jwenn pèsòn moun di 1 Kilè lap tounen lakay kote li te envesti tout lavil ak tout ekonomi. Kisa ki pi grav ke sa? Poutan Otorite yo kontinye jwi tout avantaj ak privilèj leta ofri yo.
Katastwòf pèp ayisyen ap viv jodi a se desizyon yon bann sektè nan sosyete a te pran pou mete nèf (9) prezidan nan palè nasyonal ki yo menm akouche yon akò ki pote non akò 3 avril. Menm sektè sa yo te derefize louvri 1 jiskaske li kraze poukont li.
Mouvman Patriyotik pou Lavi ap fè tout moun sonje li te gen gwo resèv sou demach 9 prezidan an.
Nan kafou Ayiti rive jounen jodia li bezwen vrè dirijan ki gen dimansyon politik e ki kapab asime responsablite yo pou retire peyi a nan twou san fon kel trouvel la.
Tout patriyòt ayisyen konsekan an Ayiti kou aletranje dwe pran desisyon antre nan konba pou libere peyi a anba gang san fwa ni Iwa kap kraze 1 la. Pép la paka tan’n ankò. Fok otorite ki gen responsablite yo di aklė kisa y’ap fè ak peyi a. KPT, Primati, Polis Nasyonal, Lame Dayiti, MOPAL ap poze nou kesyon sa kisa n’ap fè ak peyi a?
Pou konbat fenomèn ensekirite a Otorite ki nan tèt peyi a dwe pran desizyon sa yo:
➤ Òganize prese prese ak tout sektè san eksklizyon yon chita pale sou Sekirite peyi a.
➤ Pale ak entènasyonal la sou pi bon fòmil ki ka rezoud problèm ensekirite a.
➤ Fè yon mobilizasyon jeneral nan rele tout sitwayen onèt ki gen ekspètiz nan zafe sekirite pou vin pote kote kole nan batay pou kwape zak gang yo k’ap depafini ak peyi a.
➤ Fè yon rekritman masif polisye ak militė pandan y’ap respekte bonjan metòd poun pa pran nan move gren’n yon fason pou gen ase efektif pou konbat krazèd peyi yo.
➤ Evite tout divizyon nan tèt leta sou kesyon sekirite e devlope tèt ansanm nan yon demach ki chita sou larezon, lanmou ak responsablite pou payi a pandan n’ap ekate layèn ak lespri patizan.
➤ Ogmante mwayen ki dwe pèmet fòs sekirite yo demantle tout fwaye gang pandan CNDDR la dwe kòmanse fe santil nan pran bonjan mezi pou mete e kenbe lapè nan tout zòn gang yo demantle.Soutyen popilasyon an ak sektè prive a endispansab nan zòn sa yo pou kenbe lapè a net al kole. Aksyon sa yo dwe pèmèt tout moun ki kite lakay retounen al viv san kè sote.
MOPAL ap mande leta pou asiste tout viktim yo kòm moun ki genyen biznis ki kraze, jèn yo ak sila yo depòte voye ba nou.
➤ Oganize you chita pale ak tout fos nasyon an e kenbe you dyalog pèmanan ant Ayisyen pou pare ak tout aksyon ki ta ka fè kriz la vinn pi grav.
Konsa n’ap ka reprann kontwol peyi nou, yon fason pou asire’n nou kite yon peyi ki pi bon pou jeneradyon kap vini yo.
Viv You Ayiti Granmoun! Viv Pèp Ayisyen
Pou MOPAL:
Dr Renan Arstrong Charlot: Vis Prezidan.
Fritznel Pierre Louis: Pòt Pawòl.
Marie Sheila Martinè: Responsab Òganizasyon